
Piblik: Elèv ki fè bèl mwayèn lekol & Elèv ki devlope leadership Lekol.
Ki kote: Wanament #37, Ri Boubon.
Ki kote: Wanament #37, Ri Boubon.
Pou ankouraje ekselans
akademik ak leadership elèv yo, Alphanet ap ofri 10 bous nan kou li ofri yon an
vil Wanament pou elèv lekòl nan mwa janvye 2020.
Kondisyon pou patisipe:
1.-Fòk elèv
la deja nan yon lekòl ki nan vil Wanament.
2.-Fòk elèv
la genyen omwen yon bilten lekòl li te bay li.
3.- Fòk
elèv la fè bèl mwayèn lekòl sinon fòk li gen leadership nan aktivite lekòl li
an oubyen nan legliz li oubyen nan katye li.
4.-Fòk
elèv la prevwa pase omwen 6 mwa nan vil Wanament.
5.-Fòk laj elèv la pa depase 30 lane.
5.-Fòk laj elèv la pa depase 30 lane.
Pyès wap bezwen:
Pou ou
patisipe, ou ap bezwen pote orijinal ak kopi bilten rezilta egzamen out e gen
nan premye period nan lekòl pa ou ak yon lèt rekomandasyon responsab lekòl ou
an, responsab legliz ou, responsab lot enstitisyon kote ou ap devlope leadership ou.
Resepsyon kandidati yo:
Nap komanse
resevwa kandidati yo nan dat:
Lendi
16 desanb 2019 a 10h00 am pou rive samdi
11 janvye 2020 @5h00pm
Yon elèv
kapab fè aplikasyon anliy tou vial yen sa.
Men lap bezwen eskane bilten ou kanè a pou voye bay nou ak lèt rekomandasyon responsab lekòl pal li. Li kapab pase depoze yo tou nan biwo a.
Men lap bezwen eskane bilten ou kanè a pou voye bay nou ak lèt rekomandasyon responsab lekòl pal li. Li kapab pase depoze yo tou nan biwo a.
Piblikasyon rezilta yo:
Rezilta yo
ap pibliye nan dat madi 13 janvye 2020 @10h00am
Nap
ankouraje w, envite ti fanmi w ak zanmi ou ki travay byen lekòl pou yo kapab
pwofite de opòtinite sa Alphanet ofri yo.
N.B.-
Etidyan ki seleksyone yo va gen posibilite pou yo jwenn bous pou Kan Leadership
2020 an ki va fèt nan vil Wanament, Cap-Haitien, Jacmel e Dajabon. Byen ke pral
gen yon konkou nan fen ane eskolè a pou mwayèn jeneral ak leadership nan lekòl
pa yo.
Klike isit la pou ou kapab depoze kandidati
ou :
Oubyen ekri nan :